WhatsApp

Koman Pou Anpeche Foto Gwoup WhatsApp Yo Telechaje Nan Galri Telefon

Eske sa deja rive w ou pran telefòn ou pou montre yon moun foto w, lè w antre nan galri a ou tonbe sou yon vye imaj? Oubyen eske sa deja rive wap tande mizik sou telefòn ou epi yon vye mizik monte ou pa menm konn kote l soti?

Lè w nan gwoup WhatsApp depi se foto, nòtvokal, mizik, videyo, dokiman yo voye nan group la al telechaje nan galri w. Sak fè sa? Pa defo WahtsApp konfigire foto, nòtvokal pou telechaje otomatikman yon fason pou pa pèdi filing konvesasyon an. Men sa konn deranje nou anpil  lè nenpòt foto oubyen nòtvokal yo voye nan gwoup WhatsApp yo tou telechaje al stoke sou memwa telefòn nan. Non sèlman sa konsome megabayt men tou li pran espas. Nan atik sa a, nou pral montre w koman pou dezaktive telechajman otomatik foto ak lot medya yo sou WhatsApp.

 

Etap 1 : Ouvri WhatsApp, Tape sou Menu   epi yon lis eleman ap deroule

Interface WhatsApp

Etap 2: Nan lis Menu ki deroule a, Tape sou Settings  ,

Menu WhatsApp

Etap 3 : Nan Settings, Tape sou Data and Storage Usage , se seksyon ki jere koze Espas estokaj ak megabayt WhatsApp itilize. Li baw posiblite pou deside koman pou l itilize yo.

WhatsApp Settings
WhatsApp Settings menu

 

Etap 4 : Nan Data and Storage Usage, wap we yon seksyon Media auto-download ki gen 3 sou-seksyon ladanl When using mobile data, When connected on Wi-Fi e When roaming.

WhatsApp Data and storage menu
WhatsApp Data and storage menu

When using mobile data, lè wap itilize data chwazi oubyen kwoche sa w vle k telechaje otomatik yo aprèsa fè OK

When connected on Wi-Fi, lè wap itilize Wi-Fi chwazi oubyen kwoche sa w vle k telechaje otomatik yo apresa fè OK

When roaming, lè wap itilize sèvis Roaming aletraje chwazi oubyen kwoche sa w vle k telechaje otomatik yo apresa fè OK

 

Ou trouve atik sa enteresan, pa vre ? Pataje l, l’ap itil yon lòt moun.

 

 

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *