4 Fason Ou Ka Kreye Yon Sitwèb San Traka

Nan atik sa a, m pral aprann ou 4 fason w ka kreye yon sitwèb gratis , menm lè w pa konn anyen nan pwogramasyon wèb.

1. Itilize yon Editè Sitewèb an liy

Yon editè sitwèb an liy se yon zouti ki pèmèt ou kreye ak jere yon sitwèb rapid rapid san w pa bezwen konn anyen nan pwogramasyon wèb.

Se yon solisyon « All-in-One » sa vle di li gen tout sa wap bezwen pou kreye sit la :non domènespas stokaj an liykont mesajri elektronik ak sipò teknik. Se metòd ideyal pou moun ki ta renmen gen yon sitwèb men ki pa gen bidjè pou peye yon profesyonèl. Yon editè sitwèb pèmèt ou kreye sit la komsi se yon dokiman Word wap tape.

Yo rele solisyon sa yo WYSIWYG (What You See Is What You Get). Yo tou genyen yon pakèt modèl sitwèb disponib, ou annik chwazi saw renmen an epi w komanse personalize sitewèb ou.

Gen yon pil ak yon pakèt editè sitwèb an liy ki egziste, sak pi popilè yo se :Wix.comWordPress.comSimplesite.comSiteW.com .

Editè sitwèb anliy yo gen avataj yo,
yo fasil pou itilize,
ou pa bezwen gen okenn konesans nan web design,
men konsa tou yo gen enkonvenyan,
se ke sitwèb la pa transferab,
se konpayi an ki pwopryetè,
li restrenn privilèj ou oswa ou oblije upgrade pou w gen plis dwa.
Si sa ap nwi w itilize 2è fason an.

2. Itilize yon CMS

Yon CMS se yon Sistèm Jesyon kontni (Content Management System) ki vle di, nan yon langaj ki kout, yon sitwèb tou fèt. Ou jis bezwen enstale l sou sèvè ou an (hosting server),  pesonalize koulè yo, epi ranpli ak enfòmasyon ansanm ak tout imaj ou vle fè parèt sou sitwèb la.

Ou pa bezwen “konnen kouman pou kode” (jeneralman konnen kèk nosyon ase). Imajinasyon w ak kreyativite w wap bezwen pou w kreye yon sitwèb ki bèl  e profesyonèl.

Gen yon pil ak pakèt CMS ki egziste nan mond lan nan sou “Open Source”, anplis yo gratis pou fasilite w kreye sitweb ou.

Anjeneral, yon CMS konpoze de yon nwayo “Kernel” (achitekti lojisyèl) ak fonksyonalite debaz yo (fè paj, jere itilizatè, elatriye …), ajoute modil espesifik (“Plugin” oswa ekstansyon) tankou yon fowòm , yon bilten, anyè, glosè, nouvèl, ak anpil lòt bagay.

Men kek CMS ki pi popile yo: WordPressJoomlaDrupalPrestashopTypo3.

CMS yo ofri w anpil fleksiblite. Wap jwenn anpil titoryèl sou koman w ka itilize yo sou entènèt.

Klike sou lyen sa pou ka li tout atik la 4 Fason Ou Ka Kreye Yon Sitwèb San Traka

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *