WooCommerce vs Shopify: kisa wap chwazi pou fe boutik anliy ou?

Ni WooCommerce ni Shopify pèmèt ou fè menm bagay la, KREYE BOUTIK POU VANN SOU ENTENET, men yo diferan. Nan atik sa, nap ede w chwazi pi bon solisyon an.

Fè komès sou entènèt selon prensip ak règ ou fikse

Shopify fè li fasil pou aksepte ak jere pèman sou entènèt, men se sèlman daprè règleman l yo. Se komsi ou lwe l.

Pou w gen pwopriyetè a ak libète (Open source), pou deside kisa k ap travay pou ou, fè biznis ou, san se pa moun ki fikse règ pou ou, ak pèsonalize l san limit: eseye WooCommerce.

Kisa WooCommerce ofri w?

Jwi libète Open Source

Shopify se yon platfòm fèmen (sa vle di se konpayi ki mèt li e kap jere l). Varyete pwodwi yo limite, pa gen okenn sou-kategori, pa gen okenn opsyon emigre (impote ak ekspote kontni), e pa gen anyen ou ka fè pou sa.

WooCommerce ofri libète a lefetke l se yon lojisyèl Open Source. Ou gen aksè ak kòd konplè lojisyèl la e vin pwopriyetè, opsyon nan pèsonalize nenpòt ki aspè nan sit ou, epi ou ka entegre nenpòt ki sèvis – ak kontwòl konplè.

E si w ta vle chanje yon bagay nan sit boutik ou a? Ou kapab.

Ajoute fonksyonalite pa depann de plan

Tout karakteristik ak fonksyonalite ki nan Shopify yo mare ak plan peye.

Pa egzanp, pousantaj ekspedisyon konpayi shipping ak kreye  rapò avanse yo disponib sèlman nan yon plan Shopify avanse ki koute $ 299 chak mwa.

Avèk WooCommerce, ou ka ajoute nenpòt ekstansyon oswa fonksyonalite gratis oswa peye swa sit woocommerce la oswa sou sit lot konpayi – depi l reponn ak bezwen OU. Pa egzanp ou enstale yon ekstansyon oswa fonksyonalite gratis ki pèmèt kliyan ayiti yo peye avek Mon Cash.

Fèt avèk pi bon CMS ki gen nan mond lan

Lefètke WooCommerce fèt sou WordPress, li ofri entegrasyon pi bon sistèm jesyon kontni (CMS) nan mond lan ak zouti pou pibliye anliy.

Pou sit la ka byen parèt nan rezilta rechèch sou Google (SEO), li enpotan anpil pou pibliye oswa mete kontni yo ajou regilyèman. Sa vin senp avèk WordPress.

Li fasil pou ni mèt magazen anliy yo ni moun kap kreye kontni yo aprann, ak jere l.

Transpòte oswa Ekspòte done w yo avèk ou

Li fasil pou fè ekspòtasyon katalòg pwodui Shopify ou a ak enpòte pwodwi ou yo, komann, kliyan, kategori, avi, ak plis bagay ankò nan WooCommerce. 

Kit ou ap planifye agrandi boutik ou oswa ou jis vle franchi pwochen etap nan yon lot pwojè, WooCommerce trè fleksib, donk ou ka bati yon ti solisyon jodi a ki pral vin pi laj demen.

WooCommerce vs Shopify, ki chwa wap fè?

Eske w pare pou fè komès sou entènèt selon pwop règ ou fikse? Si w wè WooCommerce se pi solisyon pou fè biznis ou, nou swete w Byenvini nan fanmi Woocommerce la.

PS: Se yon atik WooCommerce pibliye, nou tradui an kreyòl epi adapte l: https://woocommerce.com/woocommerce-vs-shopify/

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *